Prezidan Konsèy Prezidansyèl Pwovizwa Ayisyen an, Leslie Voltaire voye yon lèt jodi 6 Mas la bay Sekretè-Jeneral Nasyonzuni Antonio Guterres kote li fè konnen li apiye plan misye te prezante devan Konsèy Sekirite a pa rapò ak fòs miltinasyonal la. Nan lèt la, ke VOA wè, Voltaire di li espere Konsèy Sekirite LONU an va apwouve plan Guterres la paske ensekirite a an Ayiti trè preokipan. Lèt Voltaire la, ki an Franse, di: " Konsèy prezidansyèl tranzisyon an...